10 mai 2012

Temignage 3_

Pandan twa mwa mwen fè nan We-lead m ap swiv klèb avèk oganizasyon yo,opinyon mwen chanje nan anpil fason. Pa egzanp, nan fason mwen wè tèt mwen antan ke fanm nan sosyeta a, nan jan leta konsidere fanm nan sosyeta a. E mwen wè jan yo gade nou an pa favorab pou nou menm. 

Mwen te nan yon deba ki te fèt nan gwoup legliz mwen, kote yo te poze nou kesyon sa : daprè nou, èske nou wè medam yo gen rezon pou yo revandike dwa pou yo egal avèk gason ? Sa te fè m mal anpil lè m te wè tout gason ki te la yo di non medam yo pap janm ka egal ak gason paske, swa dizan, Labib di ke « L’homme est le chef de la femme ». Gras ak klèb We-Lead, mwen te vini avèk anpil agiman pou mwen fè yo wè tò yo, lè y ap pale de fanm yo nan Labib la, mwen te di yo se pa Bondye ki ekri Bib la. Mwen te fè yon lòt apwòch pou mwen di yo ke se sèl di komandman yo ke Bondye te ekri e pa gen okenn kote yo di ladann gason se chèf fi.


Cynthia Maignan, Ecolière

1 commentaire:

  1. Carine Duval Secretaire,Estheticienne
    Moi,en tant que membre club de We-Lead ce que j'aurais a dire durant 3 mois de formation feminisme et leadership feminine c'etait vraiement bien.je finis par apprendre beaucoup de choses que je ne savais pas assurement sur une vie feminine,et j'ai pu comprendre maintenant qu'est-ce que ca veut dire (Le Feminisme et leadership feminine).

    RépondreSupprimer