14 mai 2012

Temoignage 6


Diran twa mwa mwen aprann anpil bagay nan We-Lead. Avan mwen kontinye mwen vle salyetout staf fanm vanyan ki gen nan We-lead.
Avan m te rankontre nou medam gen yon bagay ki te pase m avèk yon nèg ke mwen pase anviron 16 zan avèk li. Li pran m li retire m nan inivèsite, fè m bourike travay, okipe l ; volè lajan m, machin mwen. Jodi a li kite yon pitit sou bra m pou mwen okipe, l al marye avèk yon lòt fi.
Jodi a,  gras ak We-lead sa pa ka rive mwen ankò paske mwen vin konnen anpil bagay epi konnen antan ke feminis liberal ke fanm ak gason dwe egal, youn dwe sipote lòt ; mwen pa restavèk yon gason. Gason pa ka achte m paske mwen pa yon machandiz.
Mèsi anpil medam pou grenn fanm mwen ye jounen Jodi a. Sa pap rive ankò nan lavi mwen epi mwen pwomèt We-lead m ap fè dwa fanm yo respekte tout kote m pase.
Fédeline Fénélus.

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire