17 mai 2012

Temoignage 15


Pandan semèn sa yo mwen santi gen yon chanjman lakay mwen paske mwen pat gen konesans tankou yon lidè, mwen pat wè mwen antan ke yon lidè fanm, m te gen timidite pou m prezide yon reyinyon. Tout sa mwen te konn fè nan òganizasyon fòk mwen te jwenn konsèy yon gason. Mwen te toujou panse san yon gason òganizasyon an pap ka mache. Men depi lè mwen vini nan We-Lead mwen kòmanse konprann bagay yo yon lòt fason gras ak We-lead.

            We-lead se yon espas kote yo fòme fanm san patipri, san kouch, tout laj menm si l san kapasite intèleksyèl. Pou mwen menm, depi w kòmanse nan aktivite We-Lead w ap wè vi sosyal la yon lòt fason, ou pap gen espri kondisyónman ankò, epi w ap soti tèt ou nan sou devlopman imen; w ap vin feminis paske wap vini gen yon lòt karaktè imanis e w ap konprann nati w yon lòt jan paske ou pap yon alyene nan konpòteman w ni nan lespri w ankò. W ap santi w pa enferyè ankò, w ap konprann gen diferans sèks men pa gen diferans nan desizyon k ap pran paske ou pral konprann fanm ak gason gen dwa pou yo deside.

Donk, anndan We-Lead se konsa yo fòme fanm pou konnen dwa ak devwa yo paske We-Lead pa fòme feminis pou kanpe anfas gason sèlman men We-Lead fòme fannm pou defann sosyete a, anviwònman an, kay yo epi pou yo gen lòt apwòch de la vi imèn.

Zizy Mendossa ki nan OFRA 

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire