23 mai 2012

Temoignage 21


Parapò ak sa mwen aprann nan kesyon « genre » pa dwe gen diskriminasyon, kit ou se fi ou byen gason, ou se yon moun ki fèt ak tout dwa w ak libète w.
Nou reyalize rasin diskriminasyon sosyal k ap fèt sou fanm ak tifi sòti nan souzestim ke yo pote sou kapasite  nou genyen.
           Nan We-lead nou pa aprann rayi gason, men nou aprann defann dwa nou ak devwa nou antan ke fanm nan fwaye nou ak nan sosyete nou. Nou dwe enplike jis nan rasin nan politik sosyal pou n bati yon lòt sosyete kote ki pap gen esklizyon.
Nou dwe enpoze nou, travay pou nou ranfòse kapasite nou, pou nou chanje kondisyon lavi lòt yo ki pa ka fè doleans yo pase.
          Mwen te nan yon sitiyasyon kote yon zanmi m t ap sibi zak vyolans nan men mari l, mwen t ap konseye l, aprann li konnen ke li se yon moun menm jan ak mari l, li pa yon bèt. Li dwe pran responsabilite l, pote plent si nesesè pou l sispann ak abi k ap fèt sou li a. Mari l di m se feminis, m ap soulve madanm li kont li. Mwen te fè mesye a konprann ke madanm li egal ak li menm, li pa yon choz, li dwe respekte l, sinon li ka pran prizon.
Se konsa mwen te fè l e depi lò sa yo rele m feminis.


Erline Dorvil 

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire