23 mai 2012

Temoignage 22


        Daprè mwen menmm, klèb la fè m konnen se moun mwen ye nan sosyete a, mwen gen dwa pou m patisipe nan tout sa k ap fèt nan sosyete a, nan politik, eksetera.
Li fè m kwè nan tèt mwen. Kouran feminis egalitè a ki vle di panse ki fè m reve libète moun ak responsabilite moun avan leta.

         Mwen te nan yon sitiyasyon kote papa m te di lè mwen tèmine etid mwen se enfimyè pou m aprann, poutan se syans jiridik ke mwen renmen.
Klèb la ede m avèk mo sa yo ki se « stéréotype », « libéralisme », ki fè m konnen mwen lib pou m fè sa mwen renmen, pou m chwazi sa mwen renmen. Nou te wè lòt konsèp ki trè enpòtan ankò.
Leta pwovidans : Nou gen dwa ak sante.
Manoucheka Chérie

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire