13 septembre 2011

Ayiti : Eske pwogram chanjman prezidan Martelly a gen yon sèks?


Plis pase 100 jou depi Prezidan Michel Joseph Martelly pran mayèt direksyon peyi a, nou twouve nou nan yon katchouboumbe politik kote menm gouvènman poko ka fòme, akòz bann pwoblèm pèsonèl gran zotobre tankou li menm ak palman an ap regle. Nan make pa sou plas sa a ki pote anpil kè sote, tèt chaje ak konfizyon, chèf leta a pwofite pike devan nan pran yon seri desizyon ki fè sitwayen ak sitwayèn yo poze tèt yo keksyon sou ki kote yo gad.

Diferan desizyon sa yo sòti nan mete reprezantan li nan chak ministè san bon jan manda pase nan kritike wòl laprès pou nou al bout nan gaspiye resous lajan leta a nan bay senp sitwayen òganize fèt patwonal. Bilan 100 premye jou prezidans lan bay anpil kè kase. Rekonstriksyon, teknoloji, agrikilti, gouvènans, lajan ap debloke pou refè mache Gonayiv, pou ledikasyon, reparasyon wout, kiraj, pwojè kredi kay pa m, ap fèt dèyè do lalwa. Kanta zafè patisipasyon fanm nan tout nivo aktivite sa yo, prezidan ak tout ekip li a bwè lwil.
Jounen lendi 7 sektanm lan prezidan Joseph Michel Martelly, mete deyò lis non moun li chwazi pou reprezante pouvwa egzekitif la nan tout depatman peyi a, ki se delege depatmantal yo. 8 sektanm menm se te tou pa yon komisyon souf koupe ka pral reskonsab mennen bak ekonomik peyi a. Komisyon sa a rasanble yon seri gwo chabrak moun pa konnen nan peyi etranje. Menm jou sa tou, Prezidan nou an nonmen 3 lòt moun nan pòs direktè jeneral CONATEL. OFNAC ak CNE.

Tankou plizyè lòt desizyon chèf leta a pran, nominasyon sa yo fèt dèyè do manman lwa peyi a ki trase kijan yo dwe nonmen moun nan yon seri pòs tankou delege depatmantal yo nan atik 142 a men san okenn patisipasyon fanm tou, ki agrave sitiyasyon an pi rèd. Sa montre aklè kesyon respè règleman ak lwa ki tabli yo pa anpeche prezidan nou an dòmi chak swa.

Tout kesyon modalite ak règ jwèt chèf leta a refize koube anba yo, vin makonnen ak yon politik woule m debò pouwa egzekitif la ap fè ak pwosesis entegrasyon, bezwen ak enterè estratejik fanm yo. Rezo Pou Vwa Fanm yo ki ap batay pou patisipasyon ak enplikasyon fanm yo nan zafè politik ak nan tout desizyon k ap pran nan fason pou sosyete a respekte dwa chak moun, konstate Prezidan Michel Martelly ap vanse «Tèt kale»  nan  politik mete fanm yo sou kote. Yon politik ki ap kangrennen sosyete a epi ki se yon baryè tou pou demokrasi ak develòpman tabli nan peyi a.

Pami 10 delege li nonmen yo, pa gen yon fanm, menm jan tou pa gen okenn fanm nan ekip kominikasyon li a, ni nan lis reprezantan li nan CIRH, twa nouvo direktè jeneral yo, tout chwa premye minis li yo se gason. Keksyon nou ap poze tèt nou èske prezidan an pa jwenn fanm ki gen konpetans pou okipe pòs politik menm jan ak gason yo? Oubyen, èske se konpòtman seksis (atitid ki devalorize ak diskriminen fanm, ki fè kwè yo pa kapab. Seksis la parèt nan konpòtman meprizan moun yo genyen kont fi nan poze yon seri aksyon ki montre yo kwè nan soumisyon fanm ak diskriminasyon kont yo, kontwòl sou fanm nan ak vyolans nan tout sans tankou eksklizyon)  ki se mak fabrik pratik Sweet Miky (yo vle fè kwè ki pa menm ak Michel Martelly) li ap pratike sou pouvwa a? Konpòtman seksis prezidan an parèt aklè paske li konnen kilè pou li fè referans ak medanm yo, kilè pou li al chèche vòt yo oswa sipò yo. Men tou, se nan sans sa a nan lansman semèn touris la, li pat nan grate tèt pou li te avèti fanm yo wòl yo gen pou yo jwe nan rele touris.

-Rezo  Pou Vwa Fanm yo ap raple prezidan an, keksyon patisipasyon fanm yo nan espas politik la se yon dwa, kidonk se pa yon favè. Kesyon demokrasi a pa yon mo pou moun ap repete pou li ka alamòd ni pou voye monte. Li chita sou dwa moun epi egzije pou tout moun (fanm kou gason) gen menm posiblite pou patisipe nan zafè politik epi egzèse sitwayènte yo kòm sa dwa.
-Rezo a ap raple tou, Ayiti siyen epi ratifye  CEDAW, Convention Belem Do Para ki mache men nan men ak atik 16, 17, 18, 19 ak 23 nan konstitisyon an, ki garanti patisipasyon fanm nan tout espas kote desizyon ap pran.

- Nan sans sa a Rezo a mande Prezidan Martelly pou li respekte konvansyon sa yo nan tout desizyon li ap pran, yon fason pou kaba sitiyasyon miwo miba nan mitan fanm ak gason nan sosyete a.
Rezo Pou Vwa Fanm yo pran nòt e li konte mete kanpe yon obsèvatwa pou kontwole tout desizyon k ap pran yon fason pou nou ka lonje dwèt sou chak move zak prezidan an epi fè pwopozisyon pou ranje sitiyasyon an, yon fason pou nou garanti tout bon patisipasyon fanm kou gason nan rekonstriksyon y ap pale a. 

Nou konprann aksyon debalanse sa yo jwenn rasin yo nan fason sosyete a òganize tèt li pou li fonksyone, nan sistèm kapitalis la k ap pwodwi pòv ak inegalite, nan sistèm patriyaka a ki mete inegalite nan mitan fanm ak gason kote li mete plis pouvwa nan men youn pou li ka domine lòt la. Nou kòmanse travay sou yon ajenda nasyonal fanm yo nan zafè politik, ekonomik ak sosyal. Dokiman sa a ap reprezante yon gwo zouti nan lit pou nou transfòme sosyete a.

Nan diskou 18 me pase a, Prezidan Martelly ou te di echèk ou se echèk nou tout. Rezo Pou Vwa Fanm yo ap di prezidan pawòl sa a se verite sou tanbou. N ap enfòme prezidan an randevou kase ak listwa pou nou fè wout rekonstriksyon an ansanm ak tout fanm, tifi, gason, ti gason ki nan peyi a oswa lòt bò dlo, ak tout òganizasyon fanm, pwofesyonèl, travayè ak travayèz, sendika, elatriye, san diferans sèks, laj, bezwen espesyal yo, pouvwa lajan yo, nivo etid yo ak longè zanmitay yo ak pouvwa egzekitif la.

rezopouvwafanm@gmail.com

6 septembre 2011

Les cents premiers jours de la Présidence ou les derniers jours de la femme haïtienne

Le bureau de communication de la Présidence vient de publier en 24 pages le bilan des cent premiers jours du Président Martelly. Cet exercice haut en couleur appelle une analyse sémiologique. Ou sont les femmes dans la vision que notre Président nous donne à voir de la reconstruction du pays ? (nouvelliste 31 aout; # 38581)
 La première page montre la photo du président avec ses conseillers techniques. Une trentaine d’hommes, aucune femme visible.

Sur la deuxième page, un gros titre attire notre attention: C'EST PARTI POUR LE CHANGEMENT!  Belle phrase, belle photo aussi, en grand angle la troupe du Président s’avance hardiment dans la boue, au mépris du cuir bien vernis de leurs chaussures… Le changement n’est pas au rendez-vous, car pas une femme n’a été conviée à l’aventure ! Trop salissante ?

BONNE GOUVERNANCE... parmi les hauts cadres de l’ULCC, une femme coincée entre les larges épaules de huit hommes !

Page 3, FONDS NATIONNAL DE L'EDUCATION ... Encore une femme, et dix hommes. Elle semble si incongrue. Pourtant ne dit-on pas chez nous que l'éducation des enfants est l’affaire des femmes ? Le yon timoun malelve, yo pa toujou di se manman'l ki pat bal bon ledikasyon? Alors ou sont les femmes lorsque de grandes décisions se prennent dans ce domaine ?
AGRICULTURE, LA VISION DU CHEF DE L’ETAT : deux hommes filment des hommes qui bêchent hardiment la terre (en compagnie du Président) tandis que d’autres hommes en tenue maitrisent les foules. Monsieur Martelly n’a pas vu les femmes qui travaillent la terre, elles ne font pas partie de sa vision.
RECONSTRUCTION... RELOGEMENT... TECHNOLOGIE.... Pas de femmes, AUCUNE FEMME EN VUE. La CIRH pose les premières pierres de la reconstruction, et a bien du mal a trouver des femmes en son sein. La nouvelle commission, suite aux nominations récentes, comprend 6 femmes sur les 30 membres, dont seulement 2 haïtiennes.
Nouveau titre : RECONSTRUIRE L’HOMME HAITIEN ET SON ESPACE PHYSIQUE. On ne pouvait pas mieux dire ! Ce sont bien les hommes qui prennent l’espace, tout l’espace.

Séance de travail avec les membres du cabinet présidentiel de la 49eme législature ? 24 hommes, une femme (pour l’accueil ?). Rencontre au palais national avec les leaders de partis politiques où des idées s'entrechoquent, ou des décisions sont prises, ou l'avenir du pays se joue ? Zero femmes ! Mais ou sont donc passées les 52% de la population Haïtienne ? 

Attendez... Attendez ! Pas si vite.... Elles sont la..... Les femmes sont là, en dernière page !
24eme page : UNE PLACE DE CHOIX POUR LES FEMMES : Et oui, on peut le dire, la 24e, la dernière place, en bas, tout en bas. C'est cela la place de choix réservée aux femmes par Monsieur Martelly, une place qu’il ne daigne pas visiter, puisque c'est la 1ere dame qui se retrouve en train de serrer les mains d'une vieille – très vieille femme ; une vieille sans force et au bout de son combat, qui représente bien les femmes Haïtiennes dans la reconstruction.  Et qui va s’occuper des vieilles femmes dont la société n’attend plus rien ? D’autres femmes, bien sur, car dans cette place de choix, pas de trace, aucune trace du Président !

Un bien beau bilan n'est-ce pas? Qu'en pensent les femmes de ce pays ?

Signé : Claudine Saintal, présidente de l’association : Femme en Action pour le Leadership Economique et Politique des Haïtiennes (FALEPH).