17 mai 2012

Temoignage 10

Temoignage 10

Klèb We-lead la chanje anpil bagay nan lavi m, pandan twa mwa map mache a, li fè m santi m fanm. Mwen gen plas mwen nan sosyete a, valè ak dwa ; jan pou mwen konpòte m, pale lè mwen wè yon moun ap pale mal de fanm. Depi lè m ap mache nan We-lead mwen toujou vle defann fanm. Mwen nan sitiyasyon kote se mwen manman m egzige pou fè travay nan kay mwen, li kwè tou se fanm ki gen dwa fè manje. Gra ak klèb la mwen konnen gen egalite ant fanm ak gason, mwen konnen mwen genyen yon sèks soyal, se mete yo mete nan tout tèt tout travay se nou ki pou fè l. Mwen toujou di fanm kou gason yo egal, gason pa gen dwa maltrete fanm, ni pou di yo pa bon.

We-lead pote anpil chanjman pou mwen paske kounye a mwen pa pè pale devan moun pou mwen defann fanm. E pou mwen te soti nan sitiyasyon mwen te ye a mwen pale nan klèb la kote m di manman yo koupab tou nan sa kape pase a, pou yo chanje. E mwen ta renmen pou yo sispann di pitit fi yo rete tann toujou paske gason ka ba yo kay, richès. Fi an ka travay menm jan ak gason. Li pa oblije tann yon gason pou ba li. M ap swete pou fanm yo kenbe tèt yo, kenbe fèm nan travay la, feminis pa dekouraje, e mwen kwè se nan feminism m ap mouri paske kote ki gen fanm gen gete, lanmou e mwen ta renmen pou tout fanm mete yo ansanm, fè yon sèl vwa pou nou di wi nou ka lidè, wi nou se fanm vanyan, wi nou gen plas nou nan sosyete a.
 Murielle Desjardin 

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire