10 mai 2012

Temoignage 2-

Men sa klèb We-lead chanje lakay mwen :


     Mwen vinn konn sa mouvman feminis la ye e mwen goumen jik mwen debarase m de tout prejije mwen te genyen sou feminism.

     Mwen vinn konn dwa m antanke fanm. Sa vle di mwen vinn konsyantize e dezalyene. Anmenmtan mwen kòmanse goumen pou jwenn dwa m ke sosyete a bafwe.


     Klèb We-Lead fèm konsyant mwen se yon viktim de yon konstriksyon sosyal. Paske mwen te moun avan mwen te fanm. Anmenmtan, li ede m libere lespri m de stereyotip ke yo konstwi avèk li a, epi reziste ak presyon sosyal yo.

Pou m fini, klèb We-Lead fè m konprann vyolans sou fanm pa yon fenomèn izole men yon fenomèn ki lye ak politik, ekonomi, ledikasyon, ect...


Edwige Bien-Aimé, Etudiante Pychologie Science Humaine.

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire