9 mai 2012

Temoignage 1




Mwen salye nou epi remèsye nou nan We-lead pou bon fòmasyon sa yo nou bay a jèn yo, sitou fanm yo. Depi mwen vini nan klèb la, mwen vin yon lòt moun paske mwen te dakò ak tout bagay, men kounye a gras a We-lead, mwen pap aksepte nenpòt bagay.


Kounye a mwen ka di mwen se yon feminis : Mwen te panse ke tout kote ki gen fanm sèlman se madivin antan ke feminis mwen paka panse konsa ankò.Mwen te konn jije masisi yo mal men kounye a se diferan. 



Mwen te dakò ak kondisyònman. Men kounye a, mwen pap aksepte l, paske mwen se mèt tèt mwen, se pou sa m fèt. 


Se fanm prive m te ye, kounye a mwen se fanm piblik paske m gen aksè soti pou m pran fòmasyon. 
Anplis, mwen gen linèt feminis pou m di ke sa ke moun yo ap fè a pa bon. Kounye a, mwen ka di fòk gen parite se pou nou an kantite epi ankalite !


Rosemonde Mathurin, de L'orage 94

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire