17 mai 2012

Temoignage 17

Pandan twa(3) mwa sa, mwen jwenn anpil, paske m te panse bagay yo, yon lòt  fason, sitou nan fason m te konn wè moun òganizasyon m yo. Epi tou klèb la edem konnen posisyon m pa rapò ak lòt òganizasyon, m pa pè palè pou m di sa m pa renmen yo fè fanm yo, paske m vin konn plis de sa yo rele feminis la, m konnen pi byen kòz fanm yo e mwen fyè de sa.
Alò m gen yon ti nosyon preske nan tout sa ki gen rapò avèk fanm, ak pozisyon fanm yo nan sosyete ya, nan edikazyon an ak nan politik peyi a.

Nan òganisazyon m nan gen yon mesye ki kon ekri pwojè pou mwen. Gen yon ensidans ki vin pase, li deside pa ekri ankò. Bon, mwen m t ap bay vag men lè m vin nan klèb la m vin chanje lide paske m vin konprann m kapab fè afè m pou kont mwen oubyen avèk èd We-Lead. Mwen vin kòmanse konnen otonomizasyon an antan ke fanm nan sosyete a, dwa nou antan ke fanm kote li komanse eki kote l rive.
Jean Claude Gyna, KOREFDA 

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire