17 mai 2012

Temoignage 16


Klèb We-Lead la chanje nan lavi m li fè kwen nan mwen. Mwen vini konn tèt mwen pi byen.
Yon sitiyasyon kote klèb sa a te ede m jwenn yon solisyon se kote mwen te toujou bay tèt mwen responsab nenpòt bagay mal ki rive, konsa moun konn devalorize m. Mwen pa janm defann mwen. Men gras ak klèb la mwen te aprann ke fanm se yon èt enpòtan, ki gen valè. Li aprann nou pou nou fè moun respekte nou, pou n kwè nan tèt nou. Klèb la te ede m jwenn solisyon an.

Gen yon moun ki te di mwen lèd, mwen te di l mwen kwè nan tèt mwen, mwen se yon bèl fanm, sa li di m nan pa choke m ditou. Konsa mwen vini pran konfyans. Mwen vini konnen ki moun mwen ye gras ak We-lead.
 Fause Jean Louis

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire