17 mai 2012

Temoignage 12

Depi twa(3) mwa m ap vinn nan klèb We-lead la li chanje anpil bagay nan lavi m, li fè m santi m moun, li fèm santi m gen dwa ak devwa tankou tout moun. E li aprann mwen anpil lòt bagay sou anpil lòt fi ki feminis. Li pale de sèks sosyal, egalite fi ak gason.

Bon ! Mwen menm klèb la te fèm ede yon zanmi ki te nan yon sitiyasyon kote li pat alèz. Li edem fèl jwenn yon solisyon.

Zanmi m nan te gen pwoblèm sou kesyon egalite fi ak gason, men se te manman ki te lakòz. Sa se te yon ti frè l ki gen 6 zan men se kòm si se li ki te gen 6 zan an. Yon lè ti frè l la joure li e li pase li yon tap,frè a ale di manman an sa, epi menm kote a manman an  pran sandal ki nan pye l, fè ti frè a pran l pou li ba li kout li nan figi. Zanmi m nan fache epi manman li di : « Si w fache pran rad ou mete w deyo nan kay la ». Epi tout travay sete sou do l yo te ye. Li vinn kote mwen, m pale avè l e mwen rakonte l sa yo te di m nan klèb la. Mwen te envite l li pat ka vini, mwen ede l moralman. E se gras ak klèb We-lead ki fè mwen te ka retire l nan sa l te ye a. Epi lè l ap soti manman l toujou di l : «  par antre men vid non », e lè li dim sa, mwen di l lè l ap rantre mete de wòch nan men l. Mwen di l pou l pale ak manman l pou li pa di l sa, men manman l pa vle koute l. Alo mwen fè l rele yon matant li epi matant lan vinn chèche l, li pa kay manman l ankò. Li remèsye m epi li pwomèt mwen lap vinn nan klèb la men li pa di m ki lè. We-Lead ede m, li fè m pa pè pale, diskite pou fanm.

Mwen santi m fyè paske kounye a mwen renmen patisipe nan tout bon bagay kap oganize.
Klèb la, fè m konpote m byen devan tout move tantasyon, epi mwen pa aksepte  tout bagay.


Carlrolyne Pamela Joseph 

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire