17 mai 2012

Temoignage 19

Pandan twa (3) mwa nan klèb la, mwen aprann anpil bagay, mwen pa te konnen nan vi sosyal la.
Bò lakay mwen m te fè yon diskisyon ak yon vwazin ki te di m li dwe rete lakay li pou l fè tout bagay pou mari l paske se sèl fason pou li jere l pou l pa kite l. Mwen te fèl konprann ke w pa yon moun li peye pou rete nan kay pou w fè sèvis li, ou se yon moun tankou mari w. Menm jan ak li k al travay  la, ou kapab ale tou.

Antan ke feminis m te vle fè pwomosyon pou fanm, pou yo pa panse gason se lavi yo. Paske fanm ak gason se menm bagay. Tout sa gason ka fè jodi a fanm nan ka fè l tou.
Donk, pou mwen menm se pa sa ki pral fè w jere yon gason.

Klèb We-Lead, la fè m vin pi kwè nan tèt mwen antan ke fanm paske kote mwen tande y ap pale de fanm sa vin fè m k defanm medam yo plis.
Mwen vin gen yon kwayans nan mwen.

Dieudonné Wulande

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire