17 mai 2012

Temoignage 20

Klèb We-Lead la fè m konnen mwen gen dwa nan tout gagay kap fèt nan sosyete a. M aprann anpil mo tou tankou Méritocratie : mérite ; Otonomizasyon : pwosesis pou moun vin otonòm ; Parite : menm kantite fanm ak gason.

Antan  ke fanm 3 mwa nan We-Lead fè m konen mwen reprezante 52 pou 100 e gason se 48 pou 100, mwen ka defann dwa m nan travay la ak tout kote m ye nan sosyete a. Gen anpil bagay ke fanm ka fè menm jan ak gason. We-lead fè m konnen mwen se yon fanm konplè, yon moun aparantyè, sa vle di egal ak gason.
Gustamar Iseult,  Les abeilles

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire