14 mai 2012

Temoignage 8

Pandan pasaj mwen nan we-lead, experyans mwen elaji  paske nan oganizasyon mwen te ye a, yo pate montre mwen wòl feminis la. Avèk we-lead mwen konn wòl mwen.
Premye fwa mwen te vini nan We-Lead mwen te aprann anpil konsèp, kom: Sèx, nou te pale anpil sou sa, alyenasyon, konsuméris.

Aprè yon rankont mwen te fè ak oganizasyon an, nan demen mwen te jwenn anpil pawòl pou m te pataje avèk gwoup fanm mwen ladann nan.

Kowòdonatè a fache li di ke mwen pran oganizasyon an nan men li paske mwen di fòk medàm yo mete linèt feminis pou yo pa pran zannana pou tizàn. Li fache, li di ke m ap revolte medàm yo kont gason.

Cerette Louis-Jacques St Fleur.

Temoignage 7

Pandan twa mwa m ap mache nan klèb, li fè anpil chanjman nan lavi m antan ke fanm. Mwen te gen yon fason m te konprann fanm, menm jan ak tout lòt moun ki ap majinalize fanm. Klèb la fè m konprann ide fanm sa yo met nan tèt nou an se yon konstriksyon, tankou Simone De Beauvoir di « nou pa fèt fanm men se fè yo fè nou vini fanm » Sa vle di karaktè sa yo bay fanm nan se pou yo ka gen yon transandans sou nou. Se toujou menm esklavaj la, men senpleman li senbolik. 


A pati de klèb la mwen genyen yon estim de mwen, mwen estime m, mwen ekivalan ak tout gason. Baryè konplèks enferyorite m te gen anvè gason yo kraze.

Mwen te patisipe nan yon deba sou fanm, chak moun tap bay opinyon yo sou fanm. Gen kèk ki di fanm pap janm ka egal ak gason paske yo ne pou yo nan plas yo ye a, tankou : fè manje , lave, pase , okipe timoun. Yo menm ale pi lwen pou yo pwouve sa yo di a; ke se depi sou tan lakoloni gason te konn ap bat fanm , a chak fwa mèt esklav yo fin bat yo, y ale pase nè a sou madanm yo. Mwen menm mwen te fè yo konnen ke se kondisyone yo kondisyone nou nan plas sa. Antouka pa gen anyen ki konstwi ki pa ka dekonstwi, Nou menm fanm nou di REVOLISYON. Fanm ap tankou yon tranbleman de tè ki ap kraze tout konstriksyon anachik yo fè de fanm. Ayibobo pou revolisyon fanm.


.Margalie Pierre-Vil

 
                

Temoignage 6


Diran twa mwa mwen aprann anpil bagay nan We-Lead. Avan mwen kontinye mwen vle salyetout staf fanm vanyan ki gen nan We-lead.
Avan m te rankontre nou medam gen yon bagay ki te pase m avèk yon nèg ke mwen pase anviron 16 zan avèk li. Li pran m li retire m nan inivèsite, fè m bourike travay, okipe l ; volè lajan m, machin mwen. Jodi a li kite yon pitit sou bra m pou mwen okipe, l al marye avèk yon lòt fi.
Jodi a,  gras ak We-lead sa pa ka rive mwen ankò paske mwen vin konnen anpil bagay epi konnen antan ke feminis liberal ke fanm ak gason dwe egal, youn dwe sipote lòt ; mwen pa restavèk yon gason. Gason pa ka achte m paske mwen pa yon machandiz.
Mèsi anpil medam pou grenn fanm mwen ye jounen Jodi a. Sa pap rive ankò nan lavi mwen epi mwen pwomèt We-lead m ap fè dwa fanm yo respekte tout kote m pase.
Fédeline Fénélus.

10 mai 2012

Temoignage 5


Au cours des différents débats auxquels j’ai pu participer au club We-lead, J’ai pu acquérir certaines capacités. Ces capacités m’ont permise de développer chez moi l’estime de soi, c'est-à-dire de m’accepter en tant qu’humain.

Dans ces différents débats, nous avons pu retenir plusieurs notions comme :

Le genre : C’est l’ensemble des discours et des pratiques qui produisent la différence des sexes, plus généralement la construction sociale de la différence sexuelle.

Le féminisme : C’est une doctrine qui prône l’égalité des droits entre l’homme et la femme. On estime que le mouvement féministe coïncide avec la révolution française. D’abord en Angleterre et en France, Certaines femmes comme Olympe de Gouges, Louise Weiss Etc., dénoncent la domination masculine et réclament la citoyenneté et le droit de voter au même titre que les hommes.

Le courant féminisme libéral égalitaire : Ce courant lui-même combat pour le pouvoir économique et politique de la femme. Autrement dit, une femme peut tout aussi avoir le même droit politique et économique qu’un homme.
Le libéralisme : c’est une doctrine de l’expression de liberté politique, économique, et intellectuelle. Cette doctrine prône que la liberté des hommes précède l’Etat.

La méritocratie ou l’individualisme : Doctrine basée sur le jugement de soi. C'est-à-dire juger en fonction de ce que l’on vaut. Peu importe le rang social, la religion le sexe etc.
Stéréotype : Ce sont des opinions banales qui tendent à faire la séparation entre l’homme et la femme. Par exemple, les taches ménagères sont réservées aux femmes alors que les taches sociopolitiques sont réservées aux hommes.

La parité : C’est le fait d’être pareil. C'est-à-dire, l’égalité entre les hommes et les femmes. Les femmes réclament la parité entre les salaires.Ces quelques notions maitrisées à We-lead m’ont permise de voir et de penser d’une toute autre manière. Maintenant, je m’accepte en tant que femme et combats pour l’état de droit, qui tend à faire respecter les droits de tous notamment ceux des femmes.
Lovely Maignan, Etudiante en Science Poilitique

Temoignage 4

J’ai fait la connaissance de We-lead le 8 décembre 2011. Je fais partie d’une organisation appelée CONIDED dont je suis la porte parole. We lead nous avait invités dans une conférence-débat. Depuis ce jour je fais partie du club féministe organisé par Me Mirlande Zaré. 


Grace à ce club je deviens un féministe, je suis contre la violence faite aux femmes, les entreprises qui utilisent les femmes pour leurs intérêts personnels. En tant que femme je connais mes droits et mes devoirs dans la société haïtienne. Grace à We-lead je peux préparer et coordonner une réunion et un club. Et je peux prendre la parole dans une assemblée. We-lead est toujours prêt à aider les femmes et aussi les organisations des femmes qui en ont besoin.
Je remercie Espace We-lead pour son aide aux femmes.

Hericka François

Temignage 3_

Pandan twa mwa mwen fè nan We-lead m ap swiv klèb avèk oganizasyon yo,opinyon mwen chanje nan anpil fason. Pa egzanp, nan fason mwen wè tèt mwen antan ke fanm nan sosyeta a, nan jan leta konsidere fanm nan sosyeta a. E mwen wè jan yo gade nou an pa favorab pou nou menm. 

Mwen te nan yon deba ki te fèt nan gwoup legliz mwen, kote yo te poze nou kesyon sa : daprè nou, èske nou wè medam yo gen rezon pou yo revandike dwa pou yo egal avèk gason ? Sa te fè m mal anpil lè m te wè tout gason ki te la yo di non medam yo pap janm ka egal ak gason paske, swa dizan, Labib di ke « L’homme est le chef de la femme ». Gras ak klèb We-Lead, mwen te vini avèk anpil agiman pou mwen fè yo wè tò yo, lè y ap pale de fanm yo nan Labib la, mwen te di yo se pa Bondye ki ekri Bib la. Mwen te fè yon lòt apwòch pou mwen di yo ke se sèl di komandman yo ke Bondye te ekri e pa gen okenn kote yo di ladann gason se chèf fi.


Cynthia Maignan, Ecolière

Temoignage 2-

Men sa klèb We-lead chanje lakay mwen :


     Mwen vinn konn sa mouvman feminis la ye e mwen goumen jik mwen debarase m de tout prejije mwen te genyen sou feminism.

     Mwen vinn konn dwa m antanke fanm. Sa vle di mwen vinn konsyantize e dezalyene. Anmenmtan mwen kòmanse goumen pou jwenn dwa m ke sosyete a bafwe.


     Klèb We-Lead fèm konsyant mwen se yon viktim de yon konstriksyon sosyal. Paske mwen te moun avan mwen te fanm. Anmenmtan, li ede m libere lespri m de stereyotip ke yo konstwi avèk li a, epi reziste ak presyon sosyal yo.

Pou m fini, klèb We-Lead fè m konprann vyolans sou fanm pa yon fenomèn izole men yon fenomèn ki lye ak politik, ekonomi, ledikasyon, ect...


Edwige Bien-Aimé, Etudiante Pychologie Science Humaine.

9 mai 2012

Temoignage 1




Mwen salye nou epi remèsye nou nan We-lead pou bon fòmasyon sa yo nou bay a jèn yo, sitou fanm yo. Depi mwen vini nan klèb la, mwen vin yon lòt moun paske mwen te dakò ak tout bagay, men kounye a gras a We-lead, mwen pap aksepte nenpòt bagay.


Kounye a mwen ka di mwen se yon feminis : Mwen te panse ke tout kote ki gen fanm sèlman se madivin antan ke feminis mwen paka panse konsa ankò.Mwen te konn jije masisi yo mal men kounye a se diferan. 



Mwen te dakò ak kondisyònman. Men kounye a, mwen pap aksepte l, paske mwen se mèt tèt mwen, se pou sa m fèt. 


Se fanm prive m te ye, kounye a mwen se fanm piblik paske m gen aksè soti pou m pran fòmasyon. 
Anplis, mwen gen linèt feminis pou m di ke sa ke moun yo ap fè a pa bon. Kounye a, mwen ka di fòk gen parite se pou nou an kantite epi ankalite !


Rosemonde Mathurin, de L'orage 94