Pandan pasaj mwen nan we-lead, experyans mwen
elaji paske nan oganizasyon mwen te ye
a, yo pate montre mwen wòl feminis la. Avèk we-lead mwen konn wòl mwen.
Premye
fwa mwen te vini nan We-Lead mwen te aprann anpil konsèp, kom: Sèx, nou te pale
anpil sou sa, alyenasyon, konsuméris.
Aprè yon rankont mwen te fè ak oganizasyon an, nan
demen mwen te jwenn anpil pawòl pou m te pataje avèk gwoup fanm mwen ladann
nan.
Kowòdonatè a fache li di ke mwen pran oganizasyon an
nan men li paske mwen di fòk medàm yo mete linèt feminis pou yo pa pran zannana
pou tizàn. Li
fache, li di ke m ap revolte medàm yo kont gason.
Cerette
Louis-Jacques St Fleur.
Pandan
twa mwa m ap mache nan klèb, li fè anpil chanjman nan lavi m antan ke fanm. Mwen
te gen yon fason m te konprann fanm, menm jan ak tout lòt moun ki ap majinalize
fanm. Klèb la fè m konprann ide fanm sa yo met nan tèt nou an se yon
konstriksyon, tankou Simone De Beauvoir di « nou pa fèt fanm men se fè yo fè
nou vini fanm » Sa vle di karaktè sa yo bay fanm nan se pou yo ka gen yon
transandans sou nou. Se toujou menm esklavaj la, men senpleman li senbolik.
A pati de klèb la mwen genyen yon estim de mwen, mwen estime m, mwen ekivalan ak tout gason. Baryè konplèks enferyorite m te gen anvè gason yo kraze.
A pati de klèb la mwen genyen yon estim de mwen, mwen estime m, mwen ekivalan ak tout gason. Baryè konplèks enferyorite m te gen anvè gason yo kraze.
Mwen te patisipe nan yon deba sou fanm, chak moun tap
bay opinyon yo sou fanm. Gen kèk ki di fanm pap janm ka egal ak gason paske yo
ne pou yo nan plas yo ye a, tankou : fè manje , lave, pase , okipe timoun. Yo
menm ale pi lwen pou yo pwouve sa yo di a; ke se depi sou tan lakoloni gason te
konn ap bat fanm , a chak fwa mèt esklav yo fin bat yo, y ale pase nè a sou
madanm yo. Mwen
menm mwen te fè yo konnen ke se kondisyone yo kondisyone nou nan plas sa.
Antouka pa gen anyen ki konstwi ki pa ka dekonstwi, Nou menm fanm nou di
REVOLISYON. Fanm ap tankou yon tranbleman de tè ki ap kraze tout konstriksyon
anachik yo fè de fanm. Ayibobo pou revolisyon fanm.
. Margalie
Pierre-Vil
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire